Si w pa ka antre sou reyinyon an

1- Update pwogram Zoom ki sou òdinatè oubyen sou telefòn wap sèvi a.

2- Lè w fini, tounnen sou bsdlavi.org epi klike sou bouton pou antre nan reyinyon an ankò.


Si w pa ka tande anyen

1- Moute volim òdinatè oubyen telefòn wap sèvi a.

2- Si sa pa fè anyen, fèmen pwogram nan epi rekòmanse. Tounnen sou bsdlavi.org epi klike sou bouton pou antre nan reyinyon an ankò.

3- Lè pwogram Zoom nan ouvè ankò klike sou “Join meeting with computer audio” (si w sou odinatè). Siw sou telefòn, klike sou “Join Audio”


Si w paka wè anyen

Gen anpli chans ke se paske pa gen pèsonn ki gen video yo ouvè. Siw si ke fò w ta wè on bagay:

1- Fèmen pwogram nan epi rekòmanse. Tounnen sou bsdlavi.org epi klike sou bouton pou antre nan reyinyon an ankò.


Si w tande oubyen ou wè tout bagay ak ratman

Se paske ou gen lòt bagay kap rale sou fòs sinyal entènèt ou an.

1- Eseye fèmen lòt pwogram oubyen lòt aparèy ki sèvi ak entènèt la ke ou pap bezwen pandan reyinyon an.

2- Si sa kontinye, se Zoom kap bay ratman. Pran pasyans.


Si w pa jwenn anken solisyon, kontakte nou

[contact-form-7 404 "Not Found"]