SOLIDARITE FMC AK VIKTIM GOUDOUGOUDOU 14 DAWOUT 2021


Pou mwa dawout la, pap gen konferans FMC. Goudougoudou frape yon lòt fwa ankò. Li sakaje depatman Nip, Sid ak Grandans jou ki 14 dawout 2021 an. Kounye a, se reflechi pou nou reflechi  epi koube nou byen ba devan tout  moun sa a yo ki mouri jou sa a. Nou vle pataje doulè  tout fanmi sa yo ki  pèdi  moun e ki ap gade kouman pou yo antere yo. Kounye a  tou, se òganize pou nou òganize sekou  pou pote bay tout moun sa  yo ki nan bezwen.

FMC ap prezante senpati l, ak tout fon kèl, bay tout viktim yo, ak tout lòt ki ki pran kou a nan yon fason oubyen yon lòt. FMC ankouraje tout moun pote kole avèk viktim sa a yo.  Konsekans goudoudou sa a anpil : digdal moun ki blese pou swaye, digdal mò pou antere, plis pase senksanmil (500.000) moun san kay.

Òganize jan nap pote sekou yo se yon defi epi travay la anpil anpil. Kouman pou nou pran swen,   yon sèl kou, kantite moun sa a yo ki blese ? Kouman pou nou fè pou tout moun sinistre sa yo  jwennn yon tikichòy pou yo manje ak tigout dlo potab pou yo bwè ? Kouman pou fanmi yo antere mò  yo ak diyite? Kouman pou nou fè yo jwenn yon kote pou yo pare solèy ak lapli san ke yo pa viv yonn sou lòt, sa ki ka fè yo vin genyen lòt pwoblèm sante? 

Li nesesè pou nou sonje gen anpil danje pou genyen epidemi maladi atrapan tankou: 

Maladi nan vant tankou vè ak Kolera

Maladi Po tankou Lagal

Maladi yo ka pran nan fè sèks (SIDA ak lòt yo)

Maladi moustik bay tankou Malarya ak  Deng

Maladi respiratwa ki ka dire lontan tankou Tibèkiloz

Maladi respiratwa ki parèt bridsoukou tankou Kovid 19 ki ap anvayi nou

Yon bann lòt ankò…

Konsa nan Plan ijans yap mete anplas pou zòn sa yo, nou dwe sonje ki prevansyon ki pou fèt, ki prekosyon pou nou pran pou kovid la ak lòt maladi atrapan yo pa gaye epi kouman nap batay ak maladi kovid la san pedi tan. 

Nan sikonstans sa , li ta bon pou nou reflechi sou rekòmandasyon Pwofesè Daniel Desrivois te fè nan yon konferans li te prezante pou FMC nan dat 23 septanm 2020 ki te rele : « l’Accompagnement psychologique en période de pandémie » (« Akonpayman sikolojik lè gen pandemi »). Akonpayman an se menm kelkilanswa katastwòf la. Konsèy yo byen tonbe pou peryòd apre goudougoudou 14 dawout la.

Komite Pilotaj FMC 

P.S.- Nap tou jwennn dyapositiv konferans Pwofesè Dérivois a.